MAST / Le point sur l’ajustement du salaire minimum
2 hours ago
Gouvènman Repiblik la, nan sousi pou pwoteje dwa travayè ayisyen yo epi pèmèt antrepriz yo kontinye kreye anplwa, adopte epi pibliye arete ki fikse salè minimòm nan chak sektè aktivite.
Minis Afè sosyal ak travay la, Marc Elie Nelson, nan yon konferans pou laprès, mèkredi 27 me a, fè konnen desizyon sa a gouvènman ayisyen an pran an se rezilta konsiltasyon ak tout travayè yo, patwon antrepriz yo ak lòt ògàn sosyal yo.











