Nécrologie /Décès de Danielle Nérée
55 minutes ago
Dèy nan Televizyon Dasyonal Dayiti. Danielle Nérée, responsab sèvis achiv Televizyon Nasyonal Dayiti (TNH), mouri, jedi 24 septanm nan, aprè yon peryòd malad li te sipòte avèk anpil kouraj.
Danielle se te yon moun senpatik, souriyan, elegant epi ki te gen yon gwo sans pwotokòl.
Li te travay, pami lòt moun, ansanm ak achitèk Jean-Marie Sylvain, nan sèvis konsepsyon vizyèl la.
Li kite dèyè l souvni yon kòlèg tout moun te apresye, yon fanm elegant ak yon pèsonalite ki te make lavi TNH.
Nan okazyon trajik sa, Direksyon Jeneral Televizyon Nasyonal Dayiti ini vwa l ak tout direksyon epi sèvis teknik yo pou swete kodoleyans ak tout fanmi ak zanmi dèy sa afekte.










