SNGRS / Ramassage d’ordures / Etat des lieux

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Direktè jeneral Sèvis nasyonal jesyon rezidi solid la (SNGRS), Daril Balthazar, fè konnen depi lè li rive nan tèt enstitisyon an yo deja ranmase plis pase 150 mil mèt kib dechè atravè plizyè zòn nan peyi a.

Li eksplike operasyon sa yo rantre nan kad jefò pou amelyore kondisyon sanitè ak anviwònman an, espesyalman nan zòn ki plis ekspoze ak ogmantasyon fatra.

Direktè jeneral SNGRS la fè konnen tou enstitisyon an ap tann bidjè rektifikatif la pou kapab jwenn plis mwayen ak materyèl nesesè pou kontinye travay ranmasaj fatra yo nan diferan komin ak katye yo nan peyi a.

Retour en haut