Trafic d’armes en Haïti / Francesca Charles plaide coupable aux États-Unis
101 minutes ago
Francesca Charles, ki gen 28tan, ki rete Jacksonville (Floride), rekonèt li koupab kòmkwa li te nan konplo pou fè zam antre an Ayiti nan machandiz k ap soti Etazini epi fè kontrebann machandiz nan lòt peyi.
Prevni an kapab pase 20 lane nan prizon apre yon odyans ki prevwa pou 18 dawout pwochen, selon pwokirè Etazini nan distrik santral Florid.
Selon dokiman otorite lajistis mete deyò, nan mwa fevriye 2025, lapolis nan Repiblik dominikèn te sezi 23 zam pami yo 18 fizi, plizyè chajè ak 36 mil katouch nan kontenè ki te soti Miami ki te dwe debake an Ayiti.
Otorite amerikèn yo fè konnen Francesca Charles, Jacques Pierre ak Jeff Pierre te achte pou pi piti 46 zam soti mwa me 2024 pou rive fevriye 2025.
Francesca Charles te achte pou kont pal 24 nan 46 zam yo idantifye yo.











