CEP/DGi / Modalités de paiement des frais d'inscription
113 minutes ago
Direksyon Jeneral Enpo (DGI) raple kandida pou eleksyon k ap vini yo : se nan biwo DGI ki nan sikonskripsyon yo, yo dwe depoze frè enskripsyon an.
Enterese a dwe fè l apati yon chèk direksyon l ap genyen pou mete sou non trezò piblik-DGI.
Se atik 156 dekrè elektoral an vigè a ki mande sa, daprè yon sikilè Direksyon Jeneral Enpo pibliye.
Menm nòt la raple kandida yo frè enskripsyon an pa ranbousab epi yo dwe mete yon memo ki make eleksyon epi non ak prenon kandida a











