Kenscoff / Une semaine de deuil en mémoire de Massillon Jean
119 minutes ago
Administrasyon kominal Kenskòf la dekrete yon semèn dèy k ap kòmanse 19 pou fini 24 oktòb 2026 la nan lide pou onore memwa prezidan konsèy la, Jean Massillon, ki mouri sibitman, vandredi 9 oktòb 2026 la.
Defen an te konsakre rès vi l ap sèvi Kenskòf. Lanmò Jean Massillon reprezante yon gwo pèt pou kominote a, daprè sa administrasyon kominal la raple nan yon kominike ki pote dat 14 oktòb.
Nan sikonstans lan, Klèb, diskotèk yo, tout kote ki konn gen rejwisans piblik dwe konsidere peryòd dèy sa a, daprè meri Kenskòf ki mande sitwayen yo, enstitisyon piblik yo, òganizasyon kominotè yo epi tout fòs viv nan kominote a kolabore nan kad omaj kolektif sa nan yon lespri diyite, solidarite ak respè pou defen an.











