ONU / Conseil de sécurité / Maintien du regime de sanction sur Haiti

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyonzini an adopte, mèkredi 14 oktòb 2026 la, yon nouvo rezolisyon ki pwolonje pou yon lòt ane rejim sanksyon entènasyonal ki aplikab pou Ayiti.

Rezolisyon sa a, ki pote nimewo 2831 gen ladan li anbago sou zam, entèdiksyon vwayaj ak blokaj byen finansye moun ak antite ki tonbe anba mezi sanksyon yo. Desizyon an jwenn 14 vòt an favè, pandan Larisi chwazi absteni. Se Etazini ak Panama ki te prepare pwojè rezolisyon an.

Nan dokiman sa a, Konsèy Sekirite a fè konnen li rete pwofondman enkyete devan nivo vyolans gang ame yo an Ayiti ak divès lòt aktivite kriminèl k ap afekte sekirite popilasyon an.

Défiler vers le haut