PDCH- Mathias Pierre / Sanctions internationales
2 hours ago
Prezidan Pati demokrat Kretyen an, Mathias Pierre, ki t ap reyaji sou kesyon sanksyon entènasyonal yo, fè konnen se popilasyon an ki dwe deside si l ap vote yon kandida oswa non.
Mathias Pierre souliye nesesite pou lajistis ayisyèn pran pozisyon sou dosye ki konsène moun ki anba sanksyon yo.
Daprè li, sa ta kapab fasilite travay enstitisyon elektoral la nan pran desizyon ki nesesè yo.
Li mete aksan tou sou enpòtans pou gen pwosè sou zak koripsyon ki fèt nan peyi a, yon fason pou responsab yo kapab rann kont devan lajistis











