Participation ministre Serge Gabriel Collin à l’assemblée annuelle du FMI et de la Banque mondiale
2 hours ago
Minis ekonomi ak finans lan, Serge Gabriel Collin, mande kominote entènasyonal la yon bon jan bourad pou kapab relanse ekonomi peyi a epi fasilite estabilizasyon an.
Responsab MEF la ap patisipe nan Asanble Fon monetè entènasyonal (FMI) ak gwoup Bank Mondyal ki fèt chak ane.
Se Bangkòk, nan peyi « Thaïlande », rankont sa a ap fèt soti 12 pou rive 18 oktòb 2026, kote Minis lan te patisipe nan plizyè rankont, patikilyèman ak Depatman Trezò ameriken, minis Finans peyi Brezil la.
Priyorite gouvènman an te nan mitan rankont sa yo kote minis Finans lan mobilize patnè entènasyonal yo nan lide pou redrese patikilyèman ekonomi an epi kreye estabilite nan peyi a.
Minis COLLIN pale tou sou jefò gouvènman an fè pou fè fas ak ensekirite a epi kriz imanitè a.











