Nouvelles applications web dans le cadre de la numérisation du processus d’accréditation des écoles
2 hours ago
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) prezante, jedi 15 oktòb la, plizyè aplikasyon wèb li devlope nan kad nimerizasyon pwosesis akreditasyon lekòl yo.
Nan okazyon an, direktè DAEPP la, Walex Pierre, lanse yon apèl bay tout direktè lekòl yo pou yo angaje yo nan pwosesis nimerizasyon an, yon demach ki vize fasilite akreditasyon lekòl yo.
Sou bò pa l, kowòdonatè jeneral MENFP a, Cénatus Pierre, prezante kèk estatistik pou ane akademik 2025-2026 la, pandan li reyitere volonte ministè a pou akonpaye tout lekòl, piblik tankou prive.











