Cap-Haitien / Avancement du processus d’enregistrement des électeurs
88 minutes ago
Operasyon anrejistreman elektè yo ap rapouswiv nan plizyè sant enskripsyon vòt nan vil Kap Ayisyen.
Vandredi 11 septanm 2026 la, ansyen depite sikonskripsyon Obòy la Jude Charles Faustin, enskri kòm elektè nan sant vòt lise nasyonal Toussaint Louverture, nan zòn Breda.
Ansyen sekretè jeneral Primati a ki se kandida pou senatè depatman Nò ankouraje moun yo ale enkri pou yo ka vote nan eleksyon ki prevwa fèt 13 desanm 2026 la.











