Mairie de Pétion-Ville / Nettoyage des rues / Dispositions
septembre 14, 2026 3:11 pm
Meri Petyonvil pran plizyè mezi pou netwaye komin nan pandan rantre lekòl la pou pèmèt timoun lekòl k ap frekante komin Petyonvil sikile nan yon anviwonman pwòp.
Nan yon entèvyou merès adjwen Petyonvil la, Marie Géralda Nelson, bay TNH, li fè konnen y ap netwaye lari komin nan chak aswè pito.
Li presize dispozisyon sa pran pou pèmèt sikilasyon an fèt nòmal pandan lè lekòl la.











