Participation du PM Fils-Aimé à la célébration du 216e anniversaire de l'indépendance du Mexique
74 minutes ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé patisipe, vandredi 11 septanm nan, nan seremoni pou selebre 216e anivèsè peyi Meksik.
Prezans chèf gouvènman nan seremoni sa temwanye respè ak afeksyon pèp ayisyen an pou Meksik ki toujou rete solidè bò kote Ayiti.
Nimewo 1 Primati a pwofite salye kouraj ewo peyi meksik yo, ki te sèvi ak egzanp Ayiti pou te batay pou endepandans yo.
Chèf gouvènman ayisyen an swete relasyon ant 2 peyi yo kontinye rapwoche epi grandi.











