Cayes / Célébration de la fête Notre Dame de l’Assomption
63 minutes ago
Vil Okay nan depatman sid selebre, samdi 15 out la, sen patwon l Notre dame de l’assomption. Nan okazyon an, dyosèz Okay chante yon mès aksyon gras ki te reyini fidèl katolik, pèleren ak otorite diferan nivo pami yo, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé.
Se evèk Okay la, Eminans Chibly Cardinal Langlois ki te mennen selebrasyon ekaristik sa kote l ankouraje chak Ayisyen pou asime responsablite yo.
Li ankouraje tou otorite yo batay kont lamizè, ensekirite ak koripsyon.











