CEP / Publication de la liste définitive des partis et groupements politiques agréés
65 minutes ago
Konsèy elektoral pwovizwa a anonse li mete bout, vandredi 14 out la, nan pwosesis anrejistreman regwoupman pati politik yo.
Se jij depè komin Petyonvil la ki te redije pwosèvèbal pou konstate ekspirasyon delè ki te tabli pou anrejistre regwoupman politik yo , jan atik 129 dekrè elektoral la fikse l la.
Okenn regwoupman politik pat anrejistre pandan peryòd ki te fikse pou anrejistreman pati yo, selon yon kominike KEP a mete deyò.
Nan menm moman an, KEP a pwofite anonse tou piblikasyon lis definitiv pati, gwoupman ak regwoupman politik ki agreye pou patisipe nan eleksyon yo.
Se yon total 105 estrikti politik ki agreye.
Ladan yo genyen 17 gwoupman ak 88 pati politik ki ranpli kondisyon pou al patisipe nan eleksyon ki gen pou vini yo.











