Elections / Jerry s’inscrit au registre électoral
76 minutes ago
Ansyen depite komin Petyonvil la, Jerry Tardieu, enskri kòm elektè, samdi 15 out 2026 la nan sant enskripsyon lise Benoit Batraville la nan zòn Laboul.
Ansyen palmantè a ankouraje sitwayen yo pran responsabilite yo pou patisipe nan lavi demokratik peyi a. Li mande Konsèy elektoral pwovizwa pran dispozisyon pou mete biwo nan tout 10 depateman peyi a, pou pèmèt popilasyon an rive fè devwa sitwayen li.











