FNE / Installation de la nouvelle Directrice générale, Jefnie Toussaint
67 minutes ago
Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Vijonet Déméro, enstale Jefnie Toussaint kòm direktris jeneral Fon nasyonal edikasyon (FNE), lendi 17 out 2026 la.
Seremoni enstalasyon sa dewoule nan prezans plizyè minis ak direktè jeneral epi kad FNE.
Minis edikasyon nasyonal la, Vijonet Déméro, ki salye direktè jeneral sòtan FNE a, Elysée Colagène, raple nouvèl direktris jeneral la diferan travay k ap tann li.
Nouvèl direktris jeneral FNE a, Jefnie Toussaint, sou bò pal, rèmesye Gouvènman ki chwazi l pou okipe pòs sa epi pwomèt pou mete tout konpetans li nan sèvis entitisyon an.











