Haiti Tech / Graduation d’une nouvelle cohorte de professionnels
84 minutes ago
Sant pwofesyonèl ak Teknik, Haiti TEC, gradye 86 etidyan, vandredi, 11 Septanm 2026 la, nan kad yon seremoni nan Petyonvil.
Etidyan pwomosyon sa ki pote non « Legacy » te resevwa diplòm nan teknik elektwonik, enfòmatik ak teknik siperyè nan afè administrasyon.
Seremoni sa te dewoule nan prezans fanmi ak plizyè pèsonalite nan sektè prive ak piblik, pami yo, Direktè Jeneral Enstiti Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl la, Franck Lauture.
Nan okazyon an, reprezantan Konsèy Administrasyon Haiti TEC, Jacky Lamarque, soulve difikilte jèn yo te fè fas pandan aprantisaj sa. Li raple etidyan yo, resevwa diplom nan, se premye pa pou yo antre nan mache travay la. Li fè konnen tou etidyan ki gen pi bon pèfomans yo kapab antre nan inivèsite Kiskeya san yo pa bezwen pase tès admisyon epi gen posibilite pou yo resevwa yon bous pou yo fè etid nan inivèsite a.











