MAEC / JEACHA / 7e édition de l’exercice de simulation du Conseil de sécurité de l’ONU
62 minutes ago
Òganizasyon jèn aktè pou chanjman (JEACHA), nan tèt kole ak lòt patnè yo tankou ministè Afè etranjè ak Kilt, Pwogram nasyonzini pou devlopman epi Unesco, òganize, dimanch 26 jiye 2026 la, 7èm edisyon egzèsis similasyon konsèy sekirite nasyonzini a.
Migrasyon, sekirite entènasyonal ak dwa moun : se tèm ki te kenbe pou deba yo.
Se te okazyon pou jèn yo diskite epi santre deba yo sou aspè ki enpòtan pou sosyete a.
Aktivite sa a ki fèt nan prezans divès patnè te pèmèt jèn yo aksantye deba yo sou sa ki pi enpòtan yo pou devlopman sosyete a. Se okazyon tou pou jèn etidyan yo nan diplomasi a jwenn baz k ap ede yo nan pwosesis aprantisaj yo.











