Mairie de Cité Soleil / Clôture des activités de vacances
96 minutes ago
Responsab yo nan Meri Site Solèy klotire, vandredi 11 septanm nan, yon seri aktivite espesyal yo te lanse pandan vakans ete a, ki pèmèt plis pase 500 jèn fi ak jèn gason nan komin nan benefisye fòmasyon.
Nan okazyon aktivite sa, prezidan Konsèy Minisipal la, Daniel Saint-Hilaire, fè plizyè rekòmandasyon bay gouvènman an pou ka akonpaye l nan komin nan pou reponn ak kèk bezwen ijan.
Sou bò pa l, Betty Montina, ki se manb katel la, eksprime satisfaksyon li pou rezilta inisyativ la, ki rive touche plis pase 500 jèn nan komin nan.











