UNNOH & CUTRASEPH / Journée d’hommage au professeur Bernard Brousseau
85 minutes ago
Plizyè òganizasyon sendikal nan sektè edikasyon, tankou UNNOH, CUTRASEPH, anonse yon jounen omaj nan memwa pwofesè Bernard Brousseau, jedi 28 me 2026 la, bò 4è nan aprèmidi nan Meri Dèlma.
Pwofesè Bernard Brousseau te mouri anba bal nan kad afwontman ant gang kriminèl yo nan zòn Plèn nan.
Pwofesè Josué Mérilien te pwofite fikse pozisyon li sou ensekirite jeneralize k ap taye banda nan peyi a depi kèk lane. Li mande otorite yo nan pi wo nivo leta a pou pran tout dispozisyon pou rive derasinen gang yo.











