Suivant

GRAN TIT || JOUNAL KREYÒL REMYE OKAZYON || E

27/05/24
Dans Caraibes / Haïti

1.- Yon mwa ak 2 jou depi enstalasyon konsey prezidansyel tranzisyon an ki kontinye ap make pa sou plas . Okenn nan desizyon konsey la poko pibliye nan jounal ofisyel peyi a Le moniteur pa menm chwa prezidan konsey la ki jiska prezan rete Edgard Leblanc FILS . Chwa pwochen chef gouvenman ak tout kabine ministeryel la sanble ap tann toujou, parey pou konsey elektoral pwovizwa , fomasyon ogan kontwol aksyon gouvenman ,kreyasyon konsey nasyonal sekirite a, kise kek pami aksyon konsey la atrave ako 3 avril la ta dwe komanse mete anplas . Yon ako ki jiska prezan poko pibliye nan jounal ofisyel peyi a Le Moniteur . 2.-Kontreman ak sa plizye medya te anonse ,konsey prezidansyel la toujou poko rann piblik non pesonalite yo kenbe kom pwochen premye minis tranzisyon an . Antretan enfomasyon yo fe kwe konsey la ta deside kanpe sou zafe deba piblik yo te prevwa oganize ant 5 pesonalite ki youn ladan yo ta dwe deziye premye minis tranzisyon an . Deba sa te prevwa pou demen madi a . Pou kounya sanble konseye yo ap tann piblikasyon dekre sou oganizasyon ak fonksyonman CP a pou finalman nome chef gouvenman tranzisyon an . 3.- Anbasad etazini nan potoprens salye jefo konsey prezidansyel la pou bay peyi a yon premye minis pou jere gouvenman tranzisyon an . Chwa sa dwe fet sou baz merit ak enpasyalite ,dapre anbasad ameriken,nan potoprens . 4.- 3 moun mouri asasinen pami yo 2 sitwayen ameriken Natalie (baker) Lloyd ak Davy Lloyd ep Jude Montis, yon ayisyen direkte misyon an ayiti , lannwit jedi 22 me pase a, nan zon lizon, komin kwadebouke . 3 viktim yo te responsab yon ofelina nan plenn nan atrave oganizasyon kretyenn sa ,misyon an ayiti. Se gang ak zam ki atake epi touye 2 misyone ameriken yo ak sitwayen ayisyen an ,dapre depite eta misouri a Ben Baker, kise papa Natalie, youn nan viktim yo. 5.- Senatè Repibliken Josh Hawley, ki reprezante eta Missouri nan Sena ameriken an kritike Anbasad Amerikèn nan Potoprens atrave yon let let li voye bay prezidan ameriken an,Joe Biden pou eksprime kole ak fristrasyon li . Nan yon mesaj senatè a, li fè konnen: " biwo pesonel li te mande Anbasad Amerikèn voye asistans pou Natalie ak Davy (Lloyd) nan moman yo te asyeje, Anbasad la reponn li te 'two danjere' pou voye lapolis. Etazini finn tounen yon peyi ki fèb,ki paka menm pwoteje pwop sitwayen li kont zak vyolans lach, deklarasyon senate ameriken an " 6.- Lamezon blanch reyaji apre nouvel asasina 2 misyone ameriken yo . Prezidan Joe Biden favorab ak deplwaman yon misyon entenasyonal rapid an ayiti pou asire sekirite nan peyi a kote 3 moun mouri pami yo 2 sitwayen ameriken ,dapre la mezon blanch . Sitiyasyon sekirite a pa ka tann anko ,dapre deklarayon youn nan pot pawol konsey sekirite nasyonal lamezon blanch la . 7.-PNH la kondane ak tout fos li asasina 2 sitwayen ameriken ak yon ayisyen lannwit 23 pou louvre 24 me a,zon lizon,komin kwadebouke . Enstitisyon lapolis la anonse DCPJ deja louvre yon anket ,yon fason pou idantifye ak arete koupab yo epi trennen yo devan lajistis . Nan sikonstans s,PNH la prezante senpati li bay fanmi ak pwoch viktim yo,epi anbasad etazini an ayiti disparisyon sa afekte . Enstitisyon lapolis la renouvle angajman li pou kontinye trake bandi ak zam yo epi retabli lape ak sekirite sou tout teritwa nasyonal la 8.- Otorite dominiken yo rapatriye Plis pase 35 mil ayisyen ,pandan Selman mwa avril 2024 la,dapre yon rapo gwoup kap apiye refijye ak rapatriye yo( GARR) . 26 mil 946 retounen ak pwop volonte yo epi 8mil 94 lot rapatriye ,dapre GARR,gwoup kap apiye refifye ak rapatriye yo . 9.-Aye dènye jounen dimanch mwa me a, se fèt tout manman yo nan peyi a ak sila yo tou ki deyò peyi a, men ki genyen zantray yo mare ak tè zansèt yo ayiti. Nan okazyon an ,prezidan konsey tranzisyon an ,Edgard Leblanc FILS ki dako Sitiyasyon an difisil anpil, men kwe gras ak rezistans epi vanyans fanm tè dAyiti nap kontinye kwè nan avni peyi a. Pati politik EDE sou bo pal atrave Mouvman Fanm EDE oganize yon seremoni omaj pou manman yo ,dapre sekrete jeneral pati a , Sterline Civil ak kodonatris mouvman fanm EDE a,Ophnide Orelus Renfort ki fe konnen yo rive onore plis pase 2 mil manman nan okazyon an.

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant