Ouragan Melissa Le Govt. du Japon fournit une aide alimentaire à plus de 8000 personnes touchées
4 hours ago
Pwogram alimantè mondyal (PAM) resevwa yon milyon dola ameriken pou kapab reponn ak bezwen ijan nan zafè manje pou moun tanpèt Melissa te frape yo.
Inisyativ sa a ap pèmèt mil 634 fanmi resevwa yon kantite manje pou yon peryòd 15 jou.
Pwojè sa a gen ladann kesyon pwoteksyon fanm ak egalite fanm ak gason.
Dapre direktris PAM lan an Ayiti, Wanja Kaaria, èd sa ap pèmèt yon ranfòse batay kont grangou a. Tanpèt Melissa te afekte 1 milyon 25 mil moun nan rejyon Sid peyi a pami yo 360 mil ap soufri gwo pwoblèm grangou.
Japon te deja bay ane sa a yon valè 2 milyon dola ameriken nan kad pwogram kantin eskolè a kote 17 mil 632 elèv dwe benefisye.














