Primature / Rencontre entre le Gouvernement et les leaders des sites de déplacés

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Laurent Saint Cyr ansanm ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, rankontre, madi 23 desanm 2025 lan, nan Primati, responsab komisyon 9 Kan deplase yo nan Kapital la epi manm Komisyon pou apiye epi jere restoran kominotè yo.
Plizyè lòt pèsonalite te patisipe nan rankont sa a tankou Minis Afè sosyal ak Travay la, Georges Wilbert Franck, minis delege pou Solidarite ak Afè imanitè a, Herwil Gaspard, Sekretè Deta Sekirite piblik, Mario Andrésol, ak direktè jeneral FAES la, Serge Gabriel Colin.
Nan okazyon an, DG FAES salye angajman lidè kominotè yo k ap akonpaye Leta a nan mete kanpe politik sosyal ak imanitè a.
Premye minis lan, sou bò pal, bat bravo tou pou travay lidè kominotè yo ki fè kontak ant enstitisyon piblik yo ak moun ki pi vilnerab yo epi pwomèt nominasyon ofisyèl lidè kominotè yo.

Chèf gouvènman an reyafime angajman CPT a ak gouvènman an pou kreye kondisyon pou deplase yo kapab retounen nan katye yo.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut