Conjoncture / Henry Wooster / Position
4 hours ago
Chaje dafè ameriken an an Ayiti, Henry Wooster, deklare ane 2025 lan te difisil anpil pou pèp ansyen an ki te fè fas ak plis ensekirite, deplasman fòse kote sitwayen yo kouri kite kay yo akoz vyolans gang kriminèl yo.
Dapre diplomat la gen gwo avanse ki fèt tou ane sa a ki sanse rebay popilasyon an espwa tankou kalifikasyon istorik seleksyon nasyonal foutbòl pou Koup dimonn FIFA 2026 la, enskripsyon Konpa sou lis patrimwàn kiltirèl Limanite nan UNESCO.
Yon lòt kote, Chaje Dafè a salye jefò Polis Nasyonal la nan kad batay kont gang ame yo epi pwomèt Etazini ap kontinye akonpaye PNH la nan zafè ekipman, asistans teknik ak fòmasyon.
Henry Wooster pale tou sou deplwaman Fòs represyon gang yo (FRG) Konsèy sekirite Nasyonzini an otorize epi ki reprezante, dapre li, yon gwo pa nan batay pou mete sekirite ak estabilite nan peyi a.
Yon lòt bò, diplomat la salye piblikasyon dekrè elektoral la ki se yon gwo etap nan pwosesis elektoral epi mande otorite yo pran dispozisyon pou òganize eleksyon yo, yon fason pou peyi a kapab genyen, nan lane 2026, dirijan ki lejitim, konstitisyon an rekonèt.
Mesye Wooster pale tou sou sanksyon, arestasyon epi anprizonnman yon seri endividi ki kontribiye nan destabilize peyi a. Nan peyi Dayiti oubyen Etazini, endividi sa yo t ap soutni gang kriminèl yo nan trafik zam, ba yo lajan oubyen lòt mwayen.
Pou diplomat la, peryòd enpinite a rive nan bout li an Ayiti, dapre yon mesaj li pibliye nan dat 23 desanm 2025 lan.









