Nécrologie / Décès de Jean Coulanges / Note de sympathie de l’Unesco

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Biwo Oganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) an Ayiti di l aprann, 5 janvye 2026 la, avèk anpil emosyon nouvèl lanmò, pwofesè Jean Coulanges, Sekretè pèmanan Komisyon nasyonal ayisyèn koperasyon ak UNESCO.
Se te yon gwo entelektyèl, yon antwopològ ki make anseyman sieperyè ak rechèch syantifik, kilti epi kreyasyon atistik.
Defen an te egzijan anpil nan zafè konesans, sitou nan sak konsène reyalite kiltirèl peyi Dayiti. Li te toujou goumen pou konsèvasyon ak transmisyon konesans sa yo, pou yo sèvi memwa epi avni pèp la.
Nan sikonstans lan, UNESCO rann yon gwo omaj ak pwofesè Jean Coulanges pou travay li nan Komisyon nasyonal ayisyèn koperasyon an kote l te gen gwo responsablite jiskaske l te vin sekretè pèmanan.

Jean Coulanges te kontribiye anpil nan dyalòg nan mitan otorite nasyonal yo ak divès ògàn UNESCO, nan sektè akademik, kiltirèl kote l te pèmèt yo mete kanpe pwogram ak priyorite UNESCO nan domèn edikasyon, kilti, syans ak kominikasyon.
UNESCO adrese kondoleyans li bay fanmi defen an, pwòch li yo, epi tout kominote akademik ak kiltirèl la, patikilyèman Inivèsite Leta Dayiti ak Inivèsite Notre Dame d’Haïti.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut