PHN/Opération à Delmas 2
janvier 9, 2026 5:33 pm
Lapolis fè konnen li memmen nan lannuit mèkredi 7 janvye 2026 la, yon operasyon nan baz youn nan chèf gang « Krache dife” , nan Delma 2, yo rele Jean Gardy.
Nan okazyon an, lapolis sezi yon kantite materyèl taktik, materyèl polisye, plizyè zam. Se 2 fizi daso M4, 2 fizi kalib 12, yon bokit ki gen bal 5, 56 mm, 4 jilè taktik, 4 chajè pou fizi M14, 2 plak balistik, 4 inifòm (CIMO, CAT TEEAM, UDMO, USGPN), epi yon jilè ki gen Près ekri sou li, dapre direksyon kominikasyon Polis nasyonal la.














