Plizyè Palmantè delegasyon Massachusetts chita pale avek kominote Ayisyèn nan Boston sou TPS Ayisyen
janvier 21, 2026 6:52 pm
Sou inisiativ depite Ayanna Pressley, plizyè Palmantè nan delegasyon Massachusetts nan kongrè ameriken chita pale avek kominote Ayisyèn nan Boston sou pi bon fason pou ede konsève TPS pou Ayisyen anvan dat 3 Fevriye 2026 la.
Depite Ayanna Pressley, Seth Moulton ak Senatè Ed Markey te òganize on seyans nan Mattapan madi 20 Janvye a.
Anpil lidè kominotè, benefisyè TPS, defansè dwa imigran ak lot te patisipe nan aktivite sa.














