Initiative Jeunesse / Position sur la conjoncture
4 hours ago
Inisyativ Jenès 2250 reyafime angajman l pou kontinye batay pou Rezolisyon 2250 Nasyonzini sou jenès, lapè ak sekirite an Ayiti kapab respekte.
Estrikti sa a ki gen ladann plis pase 150 òganizasyon jèn, raple otorite yo, dirijan politik, òganizasyon nan sosyete sivil la ak patnè entènasyonal yo, angajman Leta ayisyen te pran pou te kapab garanti patisipasyon jèn yo tout bon vre nan yon seri desizyon tankou Plan estratejik pou devlopman Dayiti gouvènman ayisyen an te lanse nan lane 2012, politik nasyonal jenès gouvènman ayisyen an te mete kanpe nan lane 2021.
Inisyativ Jenès 2250 pale tou sou kad koperasyon Nasyonzini pou devlopman dirab an Ayiti gouvènman ayisyen an te siyen nan lane 2023 epi 2 lòt rezolisyon Nasyonzini, OEA ak Inyon entèpalmantè ewopeyen, Ayiti te siyen nan lane 2010 ak plizyè lòt ankò. Inisyativ Jenès mande otorite yo respekte angajman sa yo.














