DINEPA/ Appel à la remise des matériels et équipements
3 hours ago
Direktè jeneral DINEPA, Théophile Ostinvil, mande tout ansyen anplwaye Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman ki gen byen enstitisyon an nan men yo pou yo retounen yo rapidman.
Dapre direktè jeneral, materyèl yo nesesè pou pèmèt DINEPA reponn ak bezwen popilasyon a nan domèn dlo potab ak asenisman.
Yon lòt bò,li raple ekipman ak materyèl sa yo se pwopriyete Leta, epi yo dwe disponib pou ede enstitisyon an fè travay li pou sitwayen yo.














