MEF/ Rencontre avec des représentants du secteur privé
3 hours ago
Minis ekonomi ak finans, Serge Gabriel Collin ki te genyen ak li direktè jeneral Direksyon Jeneral Enpo a, dirije, mèkredi 11 mas 2026 la, yon rankont travay ak sektè prive afè a sou nouvo kod fiskal ayisyen an.
Demach sa antann rapousuiv ak dyalòg epi ranfòse konsètasyon ak aktè ekonomik yo epi kreye kondisyon faborab pou envestisman nan ekonomi nasyonal la.
Rankont sa te okazyon pou komite politik fiskal la prezante an detay kòd fiskal ayisyen an, ki li menm elabore nan lide pou modènize gouvènans finans piblik yo.
Gen lòt rankont k ap gen pou reyalize ak sektè prive a, sou menm dokiman sa k ap antre vigè 1 oktòb 2026.














