AJH / Réaction sur l’enlèvement de deux journalistes

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Asosyasyon Jounalis Ayisyen yo (AJH) eksprime gwo enkyetid li parapò ak anlèvman 2 jounalis ki se Junior Celestin, jounalis Radio Megastar ak Osnel Espérance, jounalis Radio Unir FM, nan dat 13 mas pase an nan sant vil Pòtoprens.

AJH kondane avèk fèmte zak kriminèl sa li konsidere Kòm yon atent ak libète laprès epi dwa pou piblik jwenn enfòmasyon an.

AJH egzije liberasyon prese prese san kondisyon 2 jounalis yo, epi mande ravisè yo pou respekte entegrite fizik ak moral yo pandan li mande otorite yo pran tout dispozisyon pou pèmèt jounalis yo liberasyon yo.

AJH raple tou, nesesite pou tabli yon klima sekirite pou pèmèt sitwayen yo ka sikile san pwoblèm.

Nan menm nòt sila, AJH kondane atak ki fèt sou kay Direktè jeneral radio tele KISKEYA a, Marvel Dandin, yon sitiyasyon AJH konsidere kòm yon zak entimidasyon grav kont laprès.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut