FAES / Support aux familles déplacées à Hinche
4 hours ago
Direktè jeneral Fon asistans ekonomik ak sosyal la, Kesner Romilus, deside ranfòse 10 restoran kominotè nan Ench, nan depatman Sant pou pèmèt yo jwenn plis mwayen pou yo fonksyone.
Nan sans sa a, gen yon reyinyon ki te fèt, samdi 14 mas 2026 la, nan lokal meri Ench lan ak plizyè pèsonalite tankou majistra enterimè Midelove Mirline Adrien, reprezantan delege depatmantal la, kòdonatè rejyonal FAES, Danius Joseph, direktris depatmantal pwoteksyon sivil, Margarette Multy epi lapolis.
Delegasyon FAES la te vizite 4 sant pou deplase kote l gade kòman restoran kominotè yo ap fonksyone depi 6 mwa. Gen plis pase mil deplase ki jwenn yon pla cho chak jou.
Dapre rersponsab FAES yo, inisyativ sa a antre kad vizyon Premye minis Alix Didier Fils-Aimé pou soulaje popilasyon vilnerab yo nan aksyon gouvènman an.














