ONI/ Journée portes ouvertes
4 hours ago
Ofis nasyonal idantifikasyon (ONI) òganize, lendi 16 mas la, yon jounen pòt louvri nan biwo li ki nan Sonapi.
Apre anviwon yon mwa biwo ONI sa te fèmen pou reparasyon, responsab yo pwofite okazyon an pou sansibilize gran piblik la.
Pou jounen lendi 16 mas la, biwo a ouvè pou pran doleyans moun ki te fè kat ki paka jwenn yo.
Moun ki fè kat pandan jounen 16 mas la, ap gen posibilte jwenn kat la nan menm jounen an.














