CEP / Rencontre avec des associations du secteur privé

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konsèy elektoral pwovizwa a rankontre lendi 16 mas la manm sektè prive afè a sou dewoulman pwosesis elektoral la.
Se yon rankont ki te reyini manm plizyè asosyasyon patwonal tankou Asosyasyon Endistri DAyiti (ADIH), Chanm komès Ayisyano-Kanadyèn, Chanm komès ak endistri franko-ayisyèn, Chanm komès ak endistri Lwès, pou n site sa yo sèlman, sou yon seri avanse ki fèt sou wout k ap mennen nan eleksyon yo epi eklèsi pou patisipan yo sèten sousi.

Pami sousi yo genyen sètifika dechaj ansyen jesyonè fon piblik yo, patisipasyon sitwayèn nan eleksyon sa yo, itilizasyon kat idantifikasyon nasyonal la, dosye moun Nasyonzini sanksyone yo, elatriye.

Nan entèvansyon l, prezidan Konsèy elektoral pwovizwa a, Jacques Desrosiers, raple òganizasyon eleksyon sa yo, se yon etap enpòtan nan kad demach pou tounen nan lòd enstitisyonèl la. Jacques Desrosiers fè konnen tou pwosesis elektoral la rete sèl mwayen pou moun pran pouvwa nan yon sosyete demokratik.

Pandan reyisyon sa ak manm sektè prive afè a, konseyè elektoral Yves Marie Edouard epi divès lòt fonksyonè nan Konsèy elektoral pwovizwa a ,tankou direktè egzekitif la,Philippe Augustin, responsab direksyon rejis elektoral la, Jean Marie Remy epi responsab Inite pwogramasyon an, Joubert Pollas, te prezan pou eksplike an detay ansanm lòt pwen ki te nesesè pou patisipan yo.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut