FMP / Demande de réouverture de l’HUEH
4 hours ago
Komite etidyan nan Fakilte Medsin ak Famasi ki nan Inivèsite Leta mande otorite yo nan Leta pou relouvri lopital Inivèsite jeneral.
Nan yon Konferans pou laprès, madi 17 mas la, etidyan souliye nesesite pou pèmèt lopital rekomanse fonksyone pandan yo mete aksan sou konsekans grav fèmti li genyen sou sistèm sante a ak etid medikal nan peyi a.
Etidyan yo anonse òganizasyon yon mach pasifik, mèkredi 18 mas 2026 la, nan objektif pou kontinye fè tande vwa yo epi mande aksyon konkrè pou redinamize HUEH la.














