PNH/ Saisie de produits assimilables à la marijuana
4 hours ago
Konsènan toujou lapolis, nan Senmak nan depatman Latibonit, Inite depatmantal mentyen lòd (UDMO) ak Brigad k ap lite kont vòl machin (BLVD) sezi, 14 mas 2026, 74.7 kilogram pay sèch ki sanble ak marijuana.
Operasyon sa a fèt lakay yon endividi ki rele Gérald Philéus, nan Mòn Fò, yon lokalite ki rele tou « Mòn Jij Max », nan komin Senmak.
Apre konsta, jijdepè Phadel Pillus Michel te remèt 74.7 kilo pay sèch la ak yon machin bay chèf ekip Biwo lit kont trafik dwòg (BLTS) pou kapab fè suivi nan kad dosye sa a, dapre direksyon kominikasyon Polis nasyonal la.














