HUEH / Reprise des services / Précision de Lunick Santiague
4 hours ago
Direktè egzekitif Lopital jeneral la, Lunick SANTIAGUE, fè konnen nouvo espas la p ap pèmèt Lopital reprann fonksyonman nòmal li jan sa te konn ye avan.
Relokazasyon an ap fèt pwogresivman. Nan yon premye tan se sèvis matènite, pedyatri, chiriji ak medsin entèn y ap relokalize.
Pandan relokalizasyon lopital jeneral la, responsab yo y ap kontinye travay pou rann lokal abityè lopital la fonksyonèl. Pou fè travay reparasyon yo y ap bezwen 2 lane.














