Réhabilitation des axes routiers /le Gouvernement accélère les travaux dans la capitale
4 hours ago
Nan kad angajman l pou modènize enfrastrikti yo epi amelyore kondisyon lavi popilasyon an, gouvènman an kontinye ranfòse entèvansyon l sou wout yo nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.
Ministè Travay piblik yo, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), ap travay sou plizyè aks tankou Ri Panaméricaine (Port-au-Prince) ak Wout Bourdon.
Inisyativ sa yo antre nan kad jefò gouvènman pou fasilite patikilyèman sikilasyon an. Otorite yo mande konpreyansyon ak kolaborasyon popilasyon an nan kad travay sa yo.














