ECOVERT HAITI / Célébration de la Journée mondiale des forets
5 hours ago
Gwoup entèvansyon ekolojik Dayiti (Ecovert-Haiti) òganize, vandredi 21 mas 2026 la, yon jounen chita pale ak diferan jèn sou zafè pwoblèm forè yo nan peyi Dayiti.
Jounen echanj sa reyalize nan okazyon jounen mondyal forè ki selebre 21 mas ak jounen mondyal dlo, 22 mas.
Ecovert-Haiti drese yon tablo sonb sou eta forè yo nan peyi a epi mande Leta pran responsabilite l pou l frennen fenomèn debwazman sa.














