Clôture de la 14e édition du global Money Week/ Michèle DELERME
5 hours ago
Bank Repiblik DAyiti mete bout vandredi 20 mas ak aktivite ki tap reyalize pou selebre 14e edisyon “Global Money Week la” an Ayiti.
Selebrasyon Global Money Week la an Ayiti te okazyon yon lòt fwa, pou fè pwomosyon, pi plis enklizyon finansyè epi vanse ak plan edikasyon finansyè Bank Repiblik d Ayiti ap enplemante.
Pandan seremoni kloti sa ki dewoule nan Petyonvil, responsab yo pwofite remèt prim bay ganyan konkou “Educ-Fin » ki te fèt pou teste konesans patisipan fòmasyon BRH t ap fè pou anviwon 200 jèn elèv ak inivèsite.
Michèle Delerme manm Konsèy administrasyon BRH la, pwofite vante travay ansanm enstitisyon ki pèmèt evènman an reyisi epi pwofite enskri evenman nan kontèks li.














