Primature / Rencontre avec des acteurs sur le processus électoral
4 hours ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé prezide, lendi 23 mas 2026 la, nan lokal Primati a, yon reyinyon sou prezantasyon bidjè pou òganizasyon eleksyon jeneral ki prevwa pou ane sa a.
Plizyè pèsonalite te patisipe nan rankont lan tankou prezidan Konsèy elektoral pwovizwa a, Jacques Desrosiers, manm gouvènman an, reprezantan sekretè jeneral nasyon zini an Ayiti, Carlos Ruiz Massieu, patnè teknik ak finansye tankou Pwogram Nasyon zini pou devlopman (PNUD),Biwo Nasyon zini pou sèvis apui ak pwojè (UNOPS), epi reprezantan Oganizasyon Eta ameriken (OEA).
Chèf gouvènman an ki te reyafime priyorite l pou retabli lòd konstitisyonèl nan peyi a, te salye mobilizasyon nasyonal sou òganizasyon eleksyon kote 320 estrikti politik enskri sou lis KEP a epi raple gen 250 aktè politik ak ekonomik ki siyen Pak nasyonal pou estabilite ak òganizasyon eleksyon yo.
Premye minis lan salye tou kominote entènasyonal la ki angaje l pou akonpaye Leta ayisyen nan sans sa a epi tou pale sou retablisman sekirite a, amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an, ranfòsman enstitisyonèl ak konstitisyonèl san bliye ranfòsman sistèm elektoral la.
Chèf Primati a, soulinye se Konsèy elektoral la ki gen responsabilite òganize eleksyon yo e se responsabilite gouvènman an pou kreye kondisyon pou eleksyon yo fèt. Premye minis lan bay garanti eleksyon yo ap fèt. Yo dwe reyisi paske, dapre li, se yon responsabilite istorik ak kolektiv.














