ONA / Installation de la nouvelle directrice générale
5 hours ago
Lovely François se nouvo direktris jeneral Ofis nasyonal asirans vyeyès (ONA). Li ranplase nan pòs sa, Ronald Bazile.
Se minis Planifikasyon ak koperasyon ekstèn nan Sandra Paulemon ki fè enstalasyon sa nan prezans anplwaye ONA yo.
Nan okazyon an, Minis Planifikasyon an raple nouvèl direktris jeneral la diferan travay k ap tann li.
Nouvo titilè Ofis nasyonal asirans vyeyès la, Lovely François, sou bò pal, remèsye gouvènman an pou konfyans li plase nan li pou okipe pòs sa.
Li di l konte sou kolaborasyon tout anplwaye yo pou pèmèt travay yo reyalize nan benefis popilasyon an.













