ANAP / Installation d’un nouveau directeur général
5 hours ago
Minis Enteryè ak Kolektif tèritoryal la, Paul Antoine Bien-Aimé, enstale Pierre André Gédéon kòm nouvo direktè jeneral Ajans Nasyonal zòn pwojete yo, madi 24 mas 2026 la. Li ranplase nan pòs sa, Jean François Thomas.
Seremoni sa te dewoule nan ministè Anviwonman an, nan SONAPI. Minis enteryè ak Kolektif tèritoryal la, Paul Antoine Bien-Aimé, nan diskou sikonstans li, salye rive nouvo direktè jeneral la, li kwè ki pral travay pou pwoteje espas rezève yo.
Sou bò pal, nouvo direktè jeneral ANAP remèsye Premye minis Alix Didier Fils-Aime ki chwazi l nan pòs sa.
Li mande konkou tout anplwaye ANAP yo pou rann travay la posib.














