MCC / Voyage / Circulaire à l’attention des directeurs généraux
5 hours ago
Ministè Kilti ak Kominikasyon (MCC) raple direktè jeneral tout enstitisyon ki sou kontwòl li yo, obligasyon yo genyen pou mande epi jwenn otorizasyon pou yo vwayaje nan kad yon misyon ofisyèl nan peyi etranje oubyen anndan peyi a.
Se atik 40 dekrè sou òganizasyon administrasyon santral Leta a ki mande sa, selon responsab yp nan Ministè Kilti ak Kominikasyon ki di l konstate plizyè gwo kad pa sispann deplase nan sans sa a.
Demand otorizasyon an dwe al jwenn Ministè Kilti 15 jou anvan vwayaj la epi dwe gen presizyon sou dire, objektif ak kantite moun ki nan delegasyon an. Pa gen gen « Per diem »k ap bay pou misyon ki pa gen otorizasyon yo.
Si gen ijans, Ministè Kilti ak Kominikasyon ap trete demand la san pèdi tan.
Pou yon deplasman prive nan peyi etranje, direktè jeneral yo ap voye yon nòt ekri bay Minis la, dapre yon kominike ki pote dat 23 mas 2026 ak siyati minis Kilti ak Kominikasyon, doktè Jean Marie Vianney Emmanuel Ménard.














