KNVA/ Entretien avec Florence Deltor JN JOSEPH, nouvel Ati national

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Manbo Florence Deltor Jean Joseph eli nouvèl ati nasyonal nan kad eleksyon konfederasyon nasyonal vodouyizan ayisyen yo (KNAVA) te òganize samedi 7 mars 2026 la.

Li ranplase nan pòs sa Carl Henry Desmornes ki pase 7 lane kòm ati nasyonal.

Florence Deltor Jean Joseph vini premye fanm ki okipe fonksyon sa. Nouvo ati nasyonal la ki genyen yon manda 7 lane di li pare pou travay ak tout ògasnizasyon vodouyizan yo nan inite ak tèt ansanm pou mete bout nan divizyon k ap wonje sektè vodou ayisyen an.

Li anonse li pral lanse kanpay pou moun aprann ekri ak pale kreyòl epi bati yon tanp vodou.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut