PNH / DCPR /Circulation / Bilan des activités
5 hours ago
Responsab seksyon pèmi kondwi nan Direksyon sikilasyon ak polis woutyè, enspektè minisipal Jean Patricq JEAN-LOUIS, prezante bilan travay yo reyalize sòti lendi 23 mas pou rive vandredi 27 mas 2026 la.
Pou semèn sa gen anviwon 714 kontravansyon ki bay pami yo 150 pèmi ki rekipere pou Pòtoprens, Taba, Dèlma, ak Petyonvil.
Enspektè Jean Patricq JEAN-LOUIS fè konnen wo kòmandman PNH la ap kontinye akonpaye popilasyon an sou vwa piblik la pandan y ap mande kondiktè yo pou respekte nòm ak prensip yo sou vwa piblik la pou yo pa tonbe anba sanksyon .













