Justice / Libération du directeur de la DIE et les autres employés
4 hours ago
Direktè imigrasyon ak emigrasyon an, Antoine Jean Simon Fénelon ak 9 lòt anplwaye libere, vandredi 27 mas la, apre 4 jou nan detansyon nan Direksyon santral Lapolis Jidisyè (DCPJ).
Lapolis jidisyè te entèpele direktè Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon an ak plizyè lòt anplwaye an nan kad yon dosye paspò ki ta enprime an deyò pwosedi legal yo.
Apre l yo fin reponn kesyon komisè gouvènman Potoprens lan, Mèt Fritz Patterson Dorval, direktè emigrasyon an ak l`ot anplwaye yo te jwenn otorizasyon pou rantre lakay yo pandan yo entèdi yo kite peyi a an atandan ankèt la abouti.
Avoka ki t ap defann direktè imigrasyon an ak anplwaye yo bat bravo pou travay komisè gouvènman Potoprens lan ki pran inisyativ libere moun yo.













