MAEC / FRG / Rencontre avec une délégation onusienne
avril 2, 2026 5:59 pm
Minis Afè etranjè ak kilt Raina Forbin, rankontre, madi 31 mas 2026, delegasyon ki gen nan tèt li, Atul Khare, sekretè jeneral adjwen Depatman apui operasyonèl nan Nasyonzini, nan kad deplwaman fòs represyon gang yo (FRG).
Diskisyon yo te dewoule sou kesyon deplwaman pwogresif FRG a epi avanse ki fèt nan zafè lojistik.
Minis Raina Forbin reyitere detèminasyon gouvènman an ki mobilize pou retabli sekirite sou teritwa epi ensiste sou enpòtans yon patenarya ki chita sou konfyans ak respè souvrènte nasyonal la.
Madam Forbin te pale tou sou volonte otorite yo nan leta a pou kolabore ak Nasyonzini ak lòt patnè yo nan lide pou FRG a kapab reyisi misyon l nan ede fòs sekirite nasyonal yo retabli sekirite ak estabilite an Ayiti.














