Primature / FRG/ Rencontre du Premier ministre avec une délégation des Nations unies

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, resevwa, madi 31 mas 2026, nan Vila dakèy, yon delegasyon ki te gen tèt li, Atul Khare, Sekretè jeneral adjwen depatman pou apiye operasyon yo nan Nasyonzini, nan kad yon vizit ki fini 1er avril la sou lansman operasyon biwo anpui Nasyonzini ak Ayiti (BANUH).
Biwo a fenk kreye jan rezolisyon 2793 Konsèy sekirite Nasyon zini an te rekòmande sa nan lane 2025).
Pèsonalite yo te pale sou kondisyon operasyonèl, lojistik ak enstitisyonèl nan kad dispozitif entènasyonal pou deplwaye FRG a.
Nan okazyon an, Premye minis lan raple sekirite a se youn nan priyorite gouvènman an kote dwe gen yon repons rapid, kowòdone epi estriktire sou kesyon sa a ki kontinye afekte stabilite a an Ayiti.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut